
Nan videyo sa a, ou pral dekouvri poukisa anpil pwofesyonèl ak antrepriz ap pèdi lavant, epi kijan ou kapab devlope konpetans ak sistèm ki nesesè pou transfòme plis moun ki enterese an kliyan
.....menm si ou poko gen eksperyans pwofesyonèl nan lavant.
GADE VIDEO SA POU PI BON KONTÈKS👇🏽
Ou vle konnen si Sales Master adapte ak bezwen ou?

Rankontre Coach Mathley
Coach Mathley se yon fòmatè ak pwofesyonèl nan domèn lavant, appointment setting, sèvis kliyan ak kominikasyon. Aprè li te kòmanse kòm ajan lavant epi li te rive transfòme konpetans sa a an yon sous revni, li te kontinye envesti nan fòmasyon, lekti ak pratik. Li kreye Sales Master pou ede plis moun ak antrepriz aprann, pratike epi metrize lavant avèk yon metòd ki klè.
SA W PRAL APRANN NAN SALES MASTER

SA WDWE KONNEN DE SALES MASTER
Yon chemen aprantisaj ki fèt pou ede w metrize tout pwosesis lavant lan
Pwoblèm Sales Master rezoud
Sales Master ap ede w soti nan enpwovizasyon pou w devlope Estrateji lavant paske anpil pwofesyonèl ak antrepriz gen bon pwodwi, bon sèvis ak moun ki enterese. Men yo kontinye pèdi opòtinite paske yo pa gen yon metòd klè pou yo:
jwenn epi kalifye bon pwospè yo, kòmanse yon konvèsasyon lavant, dekouvri vrè bezwen kliyan an, prezante valè pwodwi oswa sèvis yo, reponn objeksyon, fè bon suivi, negosye epi fèmen lavant, mezire epi amelyore pèfòmans yo.
Sales Master fèt pou ede w pase soti nan enpwovizasyon pou rive nan metriz.

Pou kiyès Sales Master fèt?
Èske Sales Master fèt pou ou?
Sales Master fèt pou:
Antreprenè ak pwofesyonèl k ap vann pwodwi, sèvis oswa ekspètiz yo
Ajan lavant ki vle devlope konpetans yo epi amelyore pèfòmans yo
Appointment setters ak closers ki vle metrize konvèsasyon lavant
Moun ki vle devlope yon karyè pwofesyonèl nan lavant
Responsab antrepriz ki vle fòme ekip lavant yo
Coach, konsiltan ak kreyatè kontni ki bezwen transfòme enterè an kliyan.

Sa manm yo pral aprann
Yon chemen aprantisaj ki fèt pou ede w metrize tout pwosesis lavant lan
Anndan Sales Master, manm yo pral aprann:
Fondasyon ak sik lavant lan, sikoloji ak konpòtman kliyan, pwofil kliyan ideyal, pwospèksyon ak premye kontak, lavant inbound ak outbound, konvèsasyon ak kalifikasyon, prezantasyon valè, jesyon objeksyon, swivi, negosyasyon ak closing, sèvis kliyan ak fidélisation, sistèm, zouti ak mezi pèfòmans.

Sa moun nan jwenn
Plis pase yon fòmasyon: yon anviwònman pou aprann, pratike epi pwogrese
Lè yon moun antre nan Sales Master, li jwenn:
Kou videyo li kapab swiv selon pwòp ritm li, Aksè ak kominote Sales Master la, sipò pandan pwosesis aprantisaj la, sesyon pratik an dirèk, script ak modèl konvèsasyon;
dokiman ak zouti pratik, egzèsis ak etid ka, opòtinite travay nou pataje regilyèman nan kominote a.

KISA WAP TANN ?
Pran yon randevou avèk ekip Sales Master a kounye a. N ap ede w evalye bezwen ou, konprann kijan pwogram nan fonksyone epi verifye si li adapte ak objektif ou.
Lang - Kreyòl Ayisyen
Wi. Lavant se yon konpetans ou kapab aprann, pratike epi amelyore. Sales Master kòmanse avèk fondasyon yo epi mennen w etap pa etap siti nan pwospèksyon, konvèsasyon, kalifikasyon, prezantasyon valè, jesyon objeksyon, swivi ak closing.
Non. Bon lavant pa baze sèlman sou kapasite pou pale. Li mande pou w konnen kijan pou w poze bon kesyon, koute kliyan an, konprann bezwen li epi prezante yon solisyon ki adapte ak sitiyasyon li.
Wi. Apwòch Sales Master la baze sou konpreyansyon, sèvis ak kominikasyon. Objektif la se pa mete presyon sou kliyan an, men ede l konprann valè òf la epi pran yon desizyon ki adapte ak bezwen li.
Wi. Prensip lavant yo kapab adapte ak pwodwi, sèvis, fòmasyon, konsiltasyon ak ekspètiz pwofesyonèl. W ap aprann kijan pou w adapte konvèsasyon an selon kalite òf ou ak kliyan ou vize a.
Wi. Pwogram nan kapab ede yon ekip adopte yon metòd ki pi klè pou kominike ak pwospè yo, kalifye yo, jere objeksyon, fè suivi epi mezire pèfòmans. Rezilta yo ap depann de fason antrepriz la aplike metòd yo ak sipèvize ekip li.
Wi. Si ou deja ap vann, Sales Master kapab ede w òganize pwosesis ou, idantifye feblès ou, amelyore konvèsasyon ou, fè suivi avèk plis disiplin epi devlope yon sistèm ki pi fasil pou mezire ak repwodui.
Pran yon randevou avèk ekip Sales Master a. N ap ede w evalye bezwen ou, konprann kijan pwogram nan fonksyone epi verifye si li adapte ak objektif ou.
©️ 2026 All Rights Reserved | PC Academy
This site is not a part of the Facebook website or Facebook Inc. Additionally, This site is NOT endorsed by Facebook in any way.
FACEBOOK is a trademark of FACEBOOK, Inc.